Intervention de Ivanite Saint-Clair Membre du Mouvement ATD Quart Monde Haïti.

Comprendre la paix à partir du refus de la misère. Colloque international « La misère est violence, rompre le silence, chercher la paix » Maison de l’UNESCO 26 Janvier 2012

Original en Créole Haïtien : (Voir traduction plus bas) Lè nou nan mizè, vyolans lan vin aji pi plis sou nou. n ap viv nan laperèz, sa fè nou vin pi mal. Si gen lapè, youn pa pè lot.

Mwen gen 5 pitit san papa, paske li te mouri. M ap goumen chak jou pou yo pa soufri grangou e pou yo al lekol. Malgre sa, mwen genyen yon pitit fi ki mouri akoz vyolans, epi de lòt ki sibi vyolans tou. Sa te fè m mal anpil.

Lè n ap viv nan mizè, nou vle reklame dwa nou, men yo pa tande nou. Anpil moun t ap mande mwen pou kisa m pa kondane tout moun ki fè mwen mal yo. Mwen pa t ale lajistis, mwen te panse si m te ale revandike dwa mwen, yo te kapab touye m.

Mwen te reponn « mwen pa vle san koule, mwen pa vle etenn souf. » Mwen pa t vle kite pitit mwen yo nan goumen ak lòt. Paske Jezi di Fok ou padone frè ou ki te fè ou yon kichoy ki mal. Epi se vyolans ki menmen vyolans..

Sa ki te pèmet mwen kembe fèm, se te fanmi ki te rete bo lakay mwen chak fwa yo ap pase ki te konn pale avè m, yo te konn di mwen pa bay tèt mwen twop pwoblem, kenbe fèm. Yo voye di mwen pou m pa rete konsa, fò m fè ti sòti.

Se konsa mwen te al nan rekomanse al nan reyinyon. Si ou pa patisipe nan anyen, têt ou chaje. Lè ou rankontre ak lòt moun, nan brase lide,w ap reprann fòs.

Gen kèk moun nan zon nan tou ki pèdi fanmi yo, ki te vle lapè menm jan avè m. si nou te cheche vanjans, pa t ap gen lapè ankò. nou vin yon ekzamp nan katye a pou ka gen lapè.

Si nou rete nan goumen, nan pawol anpil, nan youn pè lot, nou pap jwenn yon lapè tout bon vre nan mitan nou. Mensi lè ou ap chache lapé, gen kèk moun ki pa gade pou anyen, poutèt ou pa vle fè bri

Pou nou viv byen, toujou gen youn nan nou ki ap plede pou lapè. Se konsa Mérita te ye, e lè li te mouri, se te zanmi m. Se te yon manman pou nou tout nan katye a. Tout moun te di depi ou wè Merita pa la, tout zonn nan kraze, pa p ka gen lapè. Epoutan, se pa vre, ap toujou gen yon lòt moun ankò k ap kontinye travay la. Nan mitan fanmi Ka Monn yo, se Pè Jozef ki montre nou chemen an, n ap swiv tras li.

Lè nou jwenn lapé a, li bon pou nou. paske lapè se yon fyète li ye pou nou tout. Traduction :

Lorsque nous vivons dans la misère, la violence agit plus sur nous, nous vivons dans la peur, ça fait que notre situation est pire. Si tu as la paix, l’un n’a pas peur de l’autre.

J’ai 5 enfants, leur père est mort. Je me bats chaque jour pour qu’ils ne souffrent pas de la faim et pour qu’ils aillent à l’école. Malgré ces efforts, une de mes filles est morte à cause de la violence, et deux autres ont subi d’autres violences. Ça m’a fait très très mal.

Lorsque nous vivons dans la misère, nous voulons revendiquer nos droits, mais nous ne sommes pas écoutés. Beaucoup de personnes m’ont demandé pourquoi je n’ai pas fait condamner tous ceux qui nous ont fait tant de mal, je n’avais pas été en justice parce que j’ai pensé que si je revendiquais mes droits, on pourrait me tuer. J’ai répondu « je ne veux pas faire couler le sang, je ne veux pas éteindre le souffle de personne ; je ne veux pas les laisser dans la bataille avec les autres. Je sais que la violence appelle la violence.

Ce qui m’a permis de tenir, ce sont les autres familles qui habitent près de chez moi ; mes voisins, voisines ,chaque fois qu’ils passaient devant chez moi, ils venaient me parler, me disant « ne te laisse pas aller, tiens bon ; il ne faut pas rester seule, il faut sortir, marcher rencontrer d’autres ».

C’est ainsi que je suis retournée aux réunions ; Si tu ne participes dans rien, ta tête reste pleine de problèmes. Lorsque je rencontre d’autres, nous parlons, nous réfléchissons, tu reprends force.

Il y avait aussi d’autres familles qui avaient perdu des proches, et qui voulaient la paix comme moi. Si nous recherchons la vengeance, il ne peut plus y avoir la paix.. Nous sommes devenus des exemples pour le quartier pour qu’il y ait la paix. Si nous restons dans les batailles, dans les disputes, la peur l’un de l’autre, il ne peut pas y avoir une vraie paix. Mais même si tu cherche la paix, il y a des gens qui t’humilient, ils te considèrent comme rien parce que tu ne parles par fort.

Pour que nous puissions vivre bien, il y a toujours quelqu’un parmi nous qui plaide pour la paix. C’est ainsi qu’était Mérita, c’était mon amie, elle est morte, elle était comme une mère pour tout le monde dans le quartier. Tout le monde a dit : « Maintenant que Mérita n’est plus là, le quartier va être détruit, il ne pourra pas y avoir la paix », et pourtant, ce n’est pas vrai, il y a toujours une autre personne encore qui continue le travail. Pour nous les familles du Quart Monde, c’est le Père Joseph qui nous a montré le chemin, nous suivons sa trace.

Lorsque nous trouvons la paix, c’est un bienfait pour tous. Parce que la paix c’est une fierté aussi.