Intervention de Osnel Teleus Membre du Mouvement ATD Quart Monde Haïti

Stratégies pour se défendre et se protéger de la violence. Colloque international « La misère est violence, rompre le silence, chercher la paix » Maison de l’UNESCO 26 Janvier 2012

Original en Créole Haïtien : (Voir traduction plus bas)
lamizè, se yon vyolans pou mwen ; Gen anpil bagay ki boulvèse m, mwen pa ka pale. Mwen pa ka rele « anmwe » paske mwen konnen pa gen pèsonn ki pou reponn. Lè mwen ale chèche travay, pou fini, se imilyasyon, ak desepsyon mwen jwenn.

Lè konsa, mwen pa kapab fè anyen. Mwen pa di ayen, mwen vire do m, mwen ale.
Anpil fwa, yo pa respecte dwa moun. Se pa paske ou pa di anyen ou pa wè se dwa w yo viyole. Mwen toujou vle gade diyite m, pou m pa fè sa ki pa sa.
Mwen pa vle fè vyolans sou lot moun.

Gen de lè mwen nan lari mwen santi mwen pi byen olye pou mwen ta retounen nan kay la. Ou pa santi ou ka rantre san ayen nan kay la. Ou gen tan konnen ptiti yo ap tann ou, pou mande w yon bagay ou pa kapab ba yo ; ou pa santi ou byen, lè papa pa kapab reponn ak bezwen fanmi an, sa mèt divizyon. Pa gen kob, pa gen lapè.. mwen ta renmen pou pitit gason tande m lè mwen pale pou li. Mwen bay konsey pou l pa gen menm lavi ak mwen. Li pa tande m, li pa t bay sa valè ; jodi a li nan pwoblèm. Tout sa se yon soufrans.

Pwoblèm lavi a kounye a vin rann ou anvi fè vyolans sou lòt yo paske ou menm tou ou sibi vyolans. Men chak moun ap panse, reflechi, kalkile. Si youn pa kalme, si youn pa byen reflechi, kounye ou pral fè sa ou pa ta vle fè.

Pou apeze vyolans ki nan ou mwen, gen kèk bagay mwen wè men mwen pa palé pou sa pa degenere.

Nan katye pa gen yon moun ki konnen sa m ap viv ; si vwazen bezwen yon konsey, yo vin mande m, jèn tankou pèsonaj yo. Yo konnen m tankou yon moun de pè. Mwen renmen lamonizasyon, vyolans pa ka menen okenn kote.
Se diyalog ki bon. Se li ki menen lapè.

Traduction :

La misère, c’est une violence pour moi. Il y a beaucoup de choses qui me bouleversent et je ne peux pas parler. Je ne peux pas appeler « au secours », qui va me répondre ? lorsque je vais chercher du travail, tôt le matin, je marche sous la pluie, je sors même si je suis malade, et à la fin, je n’ai que humiliations et déceptions.

A ces moments là, je ne peux rien faire.
Je ne peux rien faire. Je n’ajoute rien, je lui tourne le dos, je m’en vais, je n’ai pas le travail. Souvent on ne respecte pas les droits de la personne. Se pas parce que tu ne dis rien que tu ne vois pas que tes droits sont violés.

Je veux toujours garder ma dignité je ne veux pas faire ce qui ne se doit pas ;
C’est comme ça que parfois, je suis dans la rue et je me sens mieux que de retourner à la maison, sans rien en main et sans travail. Quand le père ne peut pas satisfaire aux nécessités dans la maison, cela crée la division. Il n’y a pas d’argent, il n’y a pas de paix. Les enfants, surtout les enfants d’aujourd’hui ne donnent aucune valeur au père quand il est dans cette situation. Quand le père ne peut donner à ses enfants ce qu’ils ont besoin, pour cela, le père ne peut faire respecter ses principes dans le foyer. Le père ne peut donner des ordres. Eux n’écoutent pas ce que le père dit ; par exemple, j’aimerai que mon fils m’écoute quand je lui parle, pour qu’il n’aille pas se mette dans des problèmes, qu’il n’est pas la même vie que moi. Mais un papa qui n’a pas de moyens pour aider ses enfants, on ne lui donne pas de valeur. Pour apaiser la violence qui est en moi, parfois, je ne parle pas pour que la situation ne dégénère pas.. Tous les problèmes qu’il y a à la maison me donnent de la peine, cela génère de la violence aussi, on ne sent pas bien, c’est ainsi qu’il y a de la violence dans la maison. Les circonstances de la vie alors t’amènent à faire violence sur les autres, parce qu’eux aussi te font violence et toi aussi tu as envie de faire violence aux autres. Chacun pense, réfléchit, calcule. Si l’un n’est pas pondéré, si l’un ne réfléchit pas assez, alors il va faire ce qu’il ne voudrait pas faire

Personne dans le quartier ne sait ce que je vis au fond de moi. Si un voisin a besoin d’un conseil, il vient me demander, les jeunes ou les personnes âgées. Ils me voient comme une personne de paix. J’aime l’harmonie, la violence n’amène nulle part. C’est le dialogue qui est bon.